Òdonans Wa Charles X ki oblije Ayiti peye Lafrans pou rekonèt endepandans li

Amwari peyi Lafrans sou Wa Charles X
 
Charles, pa lagras Bondye, elatriye.

Etandone atik 14 ak 73 Konstitisyon an; nan volonte n pou n aji selon enterè komès peyi Lafrans, malè ansyen kolon ki t ap viv Sendomeng yo ak sitiyation deplorab moun k ap viv sou zile sa a kounye a;

Nou pase lòd sa yo :

Atik 1. Pò ki nan pati fransèz Sendomeng yo ap rete ouvè pou komès tout nasyon. Lajan taks yo leve nan pò sa yo swa sou bato, swa sou machandiz k ap rantre oubyen k ap sòti ap menm pou tout peyi, sof pou peyi Lafrans taks sa yo ap diminye de mwatye.

Atik 2. Moun k ap viv nan pati fransèz Sendomeng yo ap gen pou vèse nan Kès jeneral depo ak konsiyasyon peyi Lafrans, an 5 fwa, ane apre ane, kote premye vèsman an dwe fèt 31 desanm 1825, sòm 150 milyon fran, ki ap pèmèt dedomajman tou ansyen kolon ki depoze yon reklamasyon.

Atik 3. Sou kondisyon sa yo, n ap bay moun k ap viv nan pati fransèz zile Sendomeng dwa pou yo granmoun tèt yo.

Òdonans sa a dwe sele ak gran so a.

Fè a Pari, nan chato Tuilri, 17 avril, ane lagras 1825 e premye ane depi rèy nou komanse.

Charles


NB : Yon tradiksyon Joseph Desrivières François, konfom ak orijinal franse a.

Plus récente Plus ancienne