Dokiman kapitilasyon lame fransèz la jou ki te 19 novanm 1803 aprè batay Vètyè a

Moniman Vètyè - Okap (Kredi : Loop Haiti)

Jodi a 27 brimè, 12èm ane [19 novanm 1803, ndlr], adjidan-kòmandan Duveyrier, ki resevwa pouvwa nan men Jeneral Rochambeau pou negosye yon kraze kite sa, e mwen menm Jean-Jacques Dessalines, nou mete nou dakò sou atik sa yo :

Premye : Vil Okap ak tout fò ki depann de li yo dwe livre jou kap 28 la bay Jeneral an chèf la ki se Dessalines.

2. Minisyon pou fè lagè ki nan asnal yo, zam ak atiyri yo ap rete jan yo ye a, kote yo ye kounye a.

3. Tout bato de gè ak lòt zèfè ki nesesè pou Jeneral Rochambeau transpòte twoup li yo oubyen sivil ap gen libète pou kite peyi a jou nou mete nou dakò sou li a.

4. Ofisye militè ak sòlda yo, twoup ki nan ganizon Okap la ap soti, yo gen pou soti ak sonè lagè yo, yo dwe ale ak zam yo ak tout zèfè ki se pwopriyete demi brigad yo ladann nan.

5. Moun ki malad oubyen ki blese e ki pa nan eta pou yo transpòte yo ap jwenn swen nan lopital yo jiskaske yo geri. Y ap benefisye gwo jès imanite Jeneral Dessalines.

6. Jeneral Dessalines, pandan l ap ofri asirans pwoteksyon l ak tout moun k ap rete sou teritwa a, reklame yon zak jistis nan men Jeneral Rochambeau ki dwe lage pitit natif natal tè a ki prizonye, kèlkeswa koulè yo, ke pyès moun pa kapab, sou okenn pretèks, fòse kite peyi a ak lame fransèz la.

7. Sòlda 2 lame yo ap rete nan pozisyon yo jiska dizyèm jou ki fikse pou evakyasyon vil Okap la.

8. Jeneral Rochambeau ap voye pou sèvi kòm asirans respè trete sa a, adjidan-kòmandan Urbain, Jeneral Dessalines ap voye yon ofisye ki gen menm grad la [bay fransè yo, ndlr].

Dokiman sa a fèt an 2 egzanplè e ak volonte pou respekte l nan katye jeneral ki nan Odikap, nan jou, mwa ak ane ki mansyone anlè a.

(Siyati) DESSALINES.                             DUVEYRIER.

NB : Yon tradiksyon Joseph Desrivières François sou dokiman orijinal la wap jwenn nan lyen sa a.

Plus récente Plus ancienne